1 Alò, David te bati kay pou li menm nan lavil David. Epi li te prepare yon plas pou lach Bondye a e te [a]monte yon tant pou li. 2 Alò, David te di: [b]“Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”
3 Konsa, [c]David te rasanble tout Israël Jérusalem pou pote fè monte lach Bondye a nan plas ke li te prepare pou li a. 4 David te rasanble tout fis a Aaron yo ak [d]Levit yo: 5 Fis a Kehath yo, Uriel, chèf avèk frè li yo ak san-ven nan moun fanmi li yo; 6 fis a Merari yo, Asaja, chèf la ak de-san-ven nan fanmi pa li yo; 7 nan fis a Guerschom yo, Joël, chèf la ak san-trant nan fanmi pa li yo; 8 nan fis a Élitsaphan yo, Schemaeja, chèf la ak de-san nan fanmi pa li yo; 9 nan fis a Hébron yo, Éliel, chèf la ak katre-ven mesye nan fanmi pa li yo; 10 nan fis a Uziel yo, Amminadab, chèf la ak san-douz mesye nan fanmi pa li yo.
11 Alò, David te rele [e]Tsadok ak [f]Abiathar, prèt yo ak Levit yo, Uriel, Asaja, Joël, Schemaeja, Éliel ak Amminadab. 12 Li te di yo: “Nou se chèf lakay zansèt nou yo pou Levit yo. [g]Konsakre nou menm, ni nou, ni manm fanmi pa nou, pou nou kapab pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la, rive nan plas ke m te prepare pou li a. 13 [h]Akoz nou pa t pote l nan kòmansman an, SENYÈ a, Bondye pa nou an, te fè yon sèl pete sou nou, paske nou pa t chache Li selon règ li yo.”
14 [i]Pou sa, prèt yo avèk Levit yo te konsakre yo menm pou pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la. 15 Fis [j]Levit yo te pote lach Bondye a sou zepòl pa yo avèk poto ki tache ladann, kon Moïse te kòmande yo pa pawòl SENYÈ a.
16 Epi David te pale avèk chèf Levit yo, [k]pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo. 17 Konsa, [l]Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a; 18 epi avèk yo, fanmi a dezyèm nivo a, Zacharie, Ben, Jaaziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Benaja, Maaséja, Matthithja, Éliphelé, avèk Miknéja, ak pòtè yo, Obed-Édom avèk Jeïel, gadyen pòt yo. 19 Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo; 20 epi Zacharie, Aziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Maaséja ak Benaja avèk ap ki te fè son selon Alamòt la; 21 epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an. 22 Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò. 23 Bérékia avèk Elkana te gadyen pòtay pou lach la. 24 Schebania, Josaphat, Nethaneel, Amasaï, Zacharie, Benaja ak Éliézer, prèt yo te [m]soufle twonpèt yo devan lach a Bondye a. Obed-Édom avèk Jechitja te gadyen pòtay lach la.
25 [n]Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans. 26 Akoz Bondye t ap ede Levit ki t ap pote lach akò SENYÈ yo, yo te fè sakrifis [o]sèt towo ak sèt belye. 27 Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi [p]David te abiye osi ak yon efòd an len. 28 Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita. 29 Li te rive lè lach akò SENYÈ a te vini nan vil David la, ke [q]Mical, fi a Saül la, te gade deyò fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije e selebre. Konsa, li te meprize li nan kè l.
<- Kwonik Yo 14Kwonik Yo 16 ->